|
"Atik sa a ke nou pibliye jounen jodiya, se yon atik ki ale nan menm sans ak nou. Atik sa te parèt nan revi ki rele DESALINYEN. nan mwa de mas 2009. Kidonk, Atik la, se pa nou ki ponn li. Nou trwouve ke li bon, paske li bay eksplikasyon sou analiz de klas la byen. Li enpotan pou militan li e etidye li. Li rantre nan kontèks lekol Pati a. Nan NPCH, nou fè lekol pou manm nou yo, pou militan ak senpatizan nou yo.Ki donk, fok nou etidye Atik sa a ki soti nan revi DESALINYEN an. Revi sa a se Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyèn - ASID, ki pibliye l chak 2 mwa."
Depi lè sistèm kapitalis la mete grif li sou limanite, se yon kokenn chenn kriz sivilizasyon ki tou pete. Youn nan okazyon tout kriz bay, se mete men nan relasyon sosyal yo, swa pou sere boulon lemond anndan menm lòd ki te kreye kriz la, swa pou konstwi yon lòt kalte sosyete ki ka retire limanite nan katyouboumbe. Pou anpil moun, sitou entèlektyèl restavèk san nanm ki santi yo byen paske sistèm kapital la ba yo zo pou souse pandan y ap fè dyòl pwenti, zafè konstwi lòt kalte rapò nan sosyete a se rèv jeklè: limanite pa gen yon pa l ap janm fè ankò. Men pou moun ki gen bonnanj yo, se pa sèlman yon nesesite, men tou se yon posiblite reyèl pou limanite fini avèk pezesouse, koukouman lespri ak mete moun sou kote. Nan peyi pa nou, nou pase tou pre yon pwojè konsa deja. Se paske grandonboujwa te touye Lanprè 17 oktòb 1806, ki fè pwojè sa a bloke nan wout. Kidonk, li posib pou nou tabli komininis nan peyi nou. Se devwa nou menm. Sa ki va pèmèt nou sosyalize tout sa peyi a ofri ki bon. Nou bezwen konstwi yon pwojè pou kaba lamizè, malsite, pezesouse ak koukouman lespri. Kontrèman sa moun ki pa vijilan ta ka panse, se pa yon senp pwojè ekonomik ak politik. Se sitou, yon pwojè moral ak kiltirèl. Lè yo bezwen fè yon pèp tounen zonbi, se dabò nan nivo moral ak kiltirèl yo atake li. Se pa pou granmesi si yo te pote Legliz katolik avèk kolonn pè yo pou te foure nan sèvo kaptif yo lide yo pa moun, epi fè yo kwè kolonizasyon modènite a se te pou byen yo. Se pa pou granmesi, si depi 1860, Loksidan, pa mwayen menm Legliz la, reprann ofisyèlman kontwòl moral, espirityèl ak kiltirèl peyi a. Se pa yon aksidan nonplis si depi kèk dizèn lane, peyi a tounen yon savann kakachwal kote ONG, tanp ak medya pouse tankou dyondyon. Kote kominote entènasyonal – sa nou menm nou pito rele Entènasyonal kominotè, paske se pou konbat Entènasyonal kominis yo kreye li – ak anbasad gwo peyi yo – Repiblik Dominikèn tou – ap miltipliye pwogram kiltirèl tout kalte. Rezon an senp: se yon kesyon pouvwa k ap jere. Gen yon fwa Talleyrand t ap pale avèk Napoléon, li di: “Sir, moun kapab fè sa ou vle avèk bayonèt, men anwetan youn: se chita sou li”. Konseye a te vle fè Anprè a wè, li pa sifi pou posede pi gwo zam ki egziste ak lame ki pi byen antrene a pou konprann ou ka fè tout pèp obeyi ou. Ou dwe kreye lòt estrateji pou rive fè aksepte pouvwa a andous, nan kè kontan, san plenyen. Kidonk, pouvwa se pa sèlman sa yo pran/bay nan koule bilten, osnon lè moun ki fin pase nan koule bilten yo lonmen lòt moun pou dirije nan gouvèlman. Pouvwa se pa yon kichòy yo ka sede bay, ni nonplis tou, se pa yon kesyon lafòs osnon larepresyon, kontreman jan filozòf liberal yo panse li a. Pouvwa se yon relasyon. Se sitou yon relasyon fòs. Nou ka itilize mokle Ejemoni pou n rele relasyon sa yo. Pou rive fè relasyon ejemonik yo koule dous san plenyen, se nan nivo kiltirèl la yo pase. Ann gade pa egzanp Antonio (Antonyo) Gramsci (Gramchi), yon pansè politik italyen. Mouche di klèman: “Sou kote senpman ekonomik ak politik yo, se nesesè pou bay keksyon kiltirèl yo tout valè yo”. Poukisa? Se paske se mekanism kiltirèl yo ki sèvi bwa dèyè bannann pouvwa ak dominasyon. Sa vle di, posiblite pou chavire dominasyon sa a se yon pwosesis ki pa sèlman konsènen ekonomi ak leta, men tou lakilti. Paske se nan lakilti yo pase pou mete chenn nan sèvo, san yo pa bezwen mete nan pye ak nan ponyèt. Lakilti, se yon gagè. Li toujou fonksyone selon klas k ap goumen yo. Si klas dominant yo ejemonik, si yo sèl kòk chante, rezon an senp: se paske se yo k ap kontwole pwodiksyon kiltirèl la. 2009 la fè 163 lane depi pigran pansè politik limanite a te dekouvri : “ Nan chak epòk, lide k ap domine yo se lide klas k ap domine a. Sa vle di, klas ki gen pouvwa materyèl dominan an nan sosyete a, se li tou ki gen pouvwa espirityèl dominan an. Klas ki gen mwayen pwodiksyon materyèl yo anba ponyèt li a, tou gen mwayen pwodiksyon espirityèl yo menm jan an tou anba ponyèt li. Konsa, se klas dominant lan ki vin gen pouvwa deside sou lide klas moun ki manke mwayen nesesè pou pwodiksyon espirityèl yo”.[1] Kèk liy pi ba, nan menm paragraf la, rès tèks la di: “Lide dominant yo pa lòt bagay: yo se meyè fason kote relasyon materyèl dominant yo rive eksprime yo, se relasyon materyèl dominant yo ki vin sou fòm lide. Donk, se relasyon ki fè yon klas se klas dominant, nou te ka di, se lide ki soutni dominasyon an”. Nou ta gen dwa poze ekwasyon an konsa: Lide dominant yo = kilti dominant lan. Se pou sa, Gramsci pa te pè di kare bare: lakilti se politik, politik se lakilti[2]. Lakilti se “òganizasyon, disiplin pwofon tèt nou, apwopriyasyon pwòp pèsonalite nou (jan nou wè tèt nou), bagay sa yo, nou rive genyen yo pa mwayen yon konsyans siperyè ki pèmèt nou rive konprann valè istorik yo chak, fonksyon yo nan lavi a, dwa ak devwa yo”.[3] Si nou ta wè lakilti konsa, nou ta kapab di, n ap pale sou yon kilti kritik, yon kilti revolisyonè. Men fòk nou raple se nan sistèm kapitalis la nou toujou ye. Se lide kapitalis yo k ap layite. Sou rejim kapital la, tout bagay tounen machandiz. Lakilti tou. Dayè endistri kiltirèl se youn nan mo ki pi alamòd nan peyi nou. Endistri pa fè lòt bagay, se pwodwi machandiz. Sa ki enteresan pou nou sonje, fè yon kichòy tounen machandiz se pa sèlman kreye kichòy la, fabrike yon pwodwi pou lavant; se sitou kreye yon tip espesifik sibjektivite moun (santiman, kwayans, valè...), yon fason espesifik pou moun vin konpòte li devan kichòy sa a. Ki vle di, machandiz la an lagan, se yon relasyon sosyal. Lè lakilti tounen yon endistri, sa vle di, endistriyèl lakilti yo pa senpman ap fè lajan yo fè tiyon nan fè lakilti tounen machandiz, men tou y ap fabrike, ap ranje/deranje lespri moun pou konsonmen machandiz la. Kidonk Lakilti se yon mòd panse. Yon panse ki kapab kritik. Nou pa kouri di karebare yon panse kritik. Nan ka pèp ayisyen, tout kilti nou fòme nan rezistans. Nou te kapab di nou gen yon kilti rezistans. Men se sèlman lè nou gade bout listwa pase nou li konsa. Paske depi 200 lane, (sof kèk eksepsyon posib) klas dominant lan, nan tèt kole avèk entènasyonal kominotè a, rive tabli ejemoni li nan peyi a. Yo sèl kòk chante. Se pa youn de kontradiksyon yo pa simaye nan kilti popilè a jodi a. Piske kilti popilè a se yon pwodwi sosyal, ki vle di, se rezilta chasekwaze, antre sòti yon bann fòs depaman... Kilti popilè a vin gen anndan kòtòf li eleman ki ka pèmèt liberasyon pèp la, an menm tan tou, li bade avèk eleman ki ka vise boulon nou pirèd nan malsite. Depi lè yo sasinen Lanprè 17 oktòb 1806, grandonboujwa, menm si yo gen kont antre yo, toujou jwenn yon jan pou kenbe mas pèp la nan bourike. Mas pèp la li menm, te toujou chache repons nan soulèvman kont pratik mete sou kote a. Nou sonje listwa Goman, Jan Jak Akawo ak kèk lòt senbòl mas pèp la. Men jodi a, mas pèp la nan pigwo malsite li pa te janm konn rive anvan. Poutan, ou jwenn yon seri tiboujwa ki byen konn pale franse k ap ekri nan fowòm sou entènèt: Haïtiens, haïtiennes, MEA CULPA, MEA CULPA MEA, Je pense que le moment est venu pour qu’ensemble vous vous mettiez autour d’une table pour constituer ce pôle d’excellence afin d’offrir une alternative sérieuse à la nation haïtienne.(...) Les gens de la Minutsha(sic) nous humilient et ils ont raison parce que vous, nos élites , vous refusez de vous associer pour réfléchir et offrir un autre projet de société au pays.(...) Pour mettre fin à cette humiliation du peuple haïtien, il faut que nos élites dont vous êtes les dignes représentants, prennent le taureau par les cornes et se réunissent ensemble pour tracer une nouvelle trajectoire pour le pays. Dans les pays du monde confrontés à un tel chaos, leurs élites se sont mis debout pour réunir ceux qui restent de sérieux autour d’une table afin de mettre en place un plan de redressement sérieux. Certains amènent des capitaux, d’autres, des idées. Gade nan ki eta lespri pèpè “Nou tout fè youn” nan ap danse nan tèt yon jèn Ayisyen! Epi menm jèn tiboujwa sa a ap raple jan zansèt nou yo te fè tèt ansanm pou te pran endepandans peyi a. Kote pwoblèm lan chita? Se nan kalte lide klas dominant peyi a ap repete chak jou nan zòrèy nou yo. Pa egzanp: « Nou tout fè youn » . Si nou gade byen, nou ka wè pwopagann nou tout fè youn yo plis pase nan okazyon aktivite yo rele kiltirèl yo pase lòt sa yo di ki politik yo. Se sitou nan emisyon mizik, nan kanaval, nan match foutbòl elatriye lide malouk sa a ap fè chemen li nan sèvo pèp ayisyen. Si nou sonje byen, se ministè lakilti menm ki lanse pwopagann bann machwè sa a depi 3 lane. Fonksyon lide « nou tout fè youn » nan, se fè pèp la bliye Desalin, Kapwa ak lòt se ansyen esklav. Kidonk, se nan lamas yo te ye; yo pa te janm nan okenn lelit. Se vegle je nou pou kapab pa wè si se 2 kan ki youn anfas lòt. Pou pa konprann se lelit yo menm ki pwoblèm peyi a. Donk, yo pa ka solizyon an ankò. Men manti a tèlman byen pase – paske yo repete li san rete – ou jwenn tiboujwa k ap plenyen, ki kwè moun ki gen makèt kote Minista ap achte yo, mèt lotèl kote Minista desann yo, mèt dwann prive, mèt waf prive, machann machin ak machann gaz k ap vann Minista machin ak gaz yo, mèt plaj kote Minista ap fè touris yo, moun k ap touche dola vèt nan Minista ... tout moun ki gen grenn zanno kay òfèv Minista, ta kapab mete ansanm avèk mas pèp la k ap soufri kadejak ak abi sou tout fòm anba Minsita pou yo tout ansanm rele chalbare dèyè Minista. Ejemoni boujwagrandon yo tèlman byen pran chè, li rive fè tiboujwa ki se pitit pèp la tounen pòtvwa pou antere pèp la nan mizè afòs y ap bay pèp la plis manti. Kit se kòm jounalis nan radyo ak televizyon, kit se kòm animatè nan pwojè devlopman kominotè ONG yo, kit se kòm mizisyen osnon chantè nan gwoup mas yo ap koute chak jou, elatriye. Yo pa kite okenn espas lib kote se pa menm pawòl mantò yo k ap repete. Ejemoni kiltirèl boujwagrandon an rive fè pèp k ap soufri a kwè li reskonsab soufrans li yo menm jan avèk pwofitè k ap mare gwo lajan nan soufrans malere yo. Se pou sa yo vin avèk lide « Nou tout fè youn ». Modènite: yon lòt kòk mechan nan gadjè a Ann pran yon lòt lide yo rele modènite. Ki kote ou pase pou se pa modènite k ap mennen? Pou se pa li kèk moun ap mande? N ap site sèlman 2 prèv. Inivèsite Leta d Ayiti (ILA), dapre yon ansyen istoryen lagoch, oblije jwenn yon jan pou bay otonomi enstitisyon inivèsitè jarèt aprè pataswèl Fakilte Syans pou Moun resevwa nan men gouvèlman Artistide la an 2003. Men tou, li klè, aktivite bay jarèt la p ap posib san yon gwo refòm. Dapre istoryen sa a, ki se youn nan entèlektyèl (nouvo) kontra sosyal Gwoup 184 la: “Satisfaksyon egzijans sa yo, se 2 kondisyon pou peyi a ka antre nan yon veritab modènite ekomonik ak politik”[4].Cary Hector Aktyèlman, tout klas politisyen politik yo preske fin mete yo dakò, fòk yo amande Konstitisyon 1987 la. Se konsa, pati ki rele Fizyon Sosyodemokrat yo te menm fòme yon konmisyon pou te analize Konstitisyon an pou te kapab di kisa pou yo amande ladan. Paske, “selon pwendvi [pa yo], se yon etap nan ranfòsman demokrasi pou fè l vin solid”. Depi 18 janvye, yo voye rezilta analiz la nan yon fowòm sou entènèt la. Men sa yo di nan nòt ki vin avèk li a: “Nou kwè konstitisyon sa a, menm si li gen enpèfeksyon, se yon enstriman ki te kapab pèmèt peyi a antre nan modènite politik, si pandan 20 lane ki sot pase yo, se demokrat tout bon nou te bay aplike li”.[5] Men modènite sa a menm, se kisa li ye? Si pou nou ta dekòtike tout diskisyon ki gen sou mokle sa a, sa t ap pran nou tan. Kòm objektif atik sa a se pa fè chèlbè pale anpil, m ap site Auguste Comte. Mwen chwazi mouche jisteman paske se pa fasil pou mwen dakò avèk lide li ekri. Mouche di konsa modènite se: Yon nouvo lòd sosyal ki gen ladan: 1) konsantrasyon fòs travay [moun ki ka travay] yo nan vil yo; 2) òganizasyon travay la fèt pou efikas epi pèmèt anpil pwofi; 3) aplikasyon lasyans ak lateknoloji nan pwodiksyon an; 4) kit se ouvètman kit se anbachal, enterè patwon ak pa anplwaye vin lèt ak sitwon [antagonik]; 5) inegalite ap galope; epi 6) se yon sistèm ekonomik ki chita sou lib antrepriz ak konpetisyon nèt al kole.[6] Sa vle di, modènite se filozofi sistèm kapitalis boujwa a ki pran chè nèt depi nan revolisyon etazinyen ak franse yo ki ba li kad politik li: demokrasi konstitisyonèl, gouvèlman lalwa, epi prensip souvrènte leta-nasyon. Enpi, revolisyon endistriyèl Angletè a founi baz ekonomik la: pwodiksyon endistriyèl atravè fòs travay lib nan vil yo. Sa ki debouche sou endistriyalis ak ibanis kòm nouvo mòd lavi epi kapitalis kòm nouvo fòm (ansyen an se te feyodalis) pou moun pran epi simaye richès. Donk, nou wè li, modènite a se kalte òganizasyon sosyal kote se koze achte-vann nan (mache a) ki okipe plas santral nan chapantay relasyon sosyal yo, kit se rapò moun ak moun (entèsibjektivite), kit se rapò moun ak kichòy (materyèl ou byen espirityèl) yo. Boutofen, se tandans san bout pou fè tout objè, tout rapò ak tout aktivite moun tounen machandiz la ki se modènite kapitalis la menm [7]. Lakay nou, modènite rive nan La Nina, la Pinta ak la Santa Maria, sa vle di nan bato Kristòf Kolon yo. Modènite moute menm bato avèk kolonizasyon ak lesklavay soti Lewòp pou vin Ayiti. Se sou 3 wòch sa yo kapitalis la moute chodyè. Modènite touye depi se Endyen ki te gen sou tè a: 1 130 000 Endyen, selon yon kontaj yo te fè an 1496, lò yo ta pral fè repartimiento[8] a. Nou pa menm konnen si yo te pèdi tan konte tout moun osnon si se sèl moun ki gen laj pou travay (plis pase 14 zan) yo te konte.[9] Modènite soti Lewòp, ale chache lòt travayè an Afrik, transpòte yo an Amerik. Yo rele sa Kòmès Triyangilè sou bato Negriye. Revolisyon 1804 la se pa sèlman kont kolonizasyon ak lesklavay. Se dabò kont kapitalis ak modènite ki te sèvi referans kiltirèl pou tabli kolonizasyon ak lesklavay la. Alòs, refòme inivèsite leta a nan bi pou foure peyi a nan modènite ekonomik ak politik... amande konstitisyon an pou peyi a ka antre nan modènite politik, pawòl sa a vle di kisa? Li vle di pwojè lelit kiltirèl (politik ak entèlektyèl) peyi a ki rasanble nan sa boujwagrandon yo rele sosyete sivil la pa lòt: se foure nou nan lesklavay, menm si se pa egzateman sou menm fòm sa te fèt deja anvan 1804 la. Sa vle di, si nou pa fè vit reprann chimen revolisyon an kote Desalin te kite li 17 oktòb la, sèl sa n ap ka jwi kòm libète se al kanpe nan ran anba solèy pou koule bilten. Men libète ki fè yon sèl ak byennèt tankou tonton ak palmis sou degouden an, menm tande nou ka pa janm tande sa ankò. Rive reprann chimen revolisyon an pa senp. Li mande yon kilti revolisyonè. Se nan kilti popilè a n ap jwenn li, men se sèlman nan koupe fache avèk kilti popilè a n ap jwenn li tout bon vre. Pou pawòl la pa sanble yon kontradisyon, ann eksplike sa nou vle di. Kilti popilè a se pwen depa, se koumansman chimen pou mete kanpe yon konsyans politik, ki deja gen rasin li nan kilti popilè a, men pou nou ka pouse li ale pi lwen (depasman). Paske se pa sektè popilè a ki dominan, se boujwagrandon yo ap entènasyonal kominotè a ki gen mayèt la. Sa fè, se kilti pa yo ki ejemonik, ki sèl kòk chante. Gen yon travay transfòmasyon ki nesesè nan kilti popilè, yon travay emansipasyon kiltirèl pou retire kilti lamas boujwa yo simen nan kilti popilè a. Kilti lamas sa a pran fòm feyton k ap fè jenn fi reve jeklè; mizik k ap fè bri sèlman san di anyen; emisyon kiltirèl k ap avili jenès la, sitou jèn medam yo; piblisite k ap ofri jenn gason yon lavi fasil kote yo ka rich san fè efò; panse pozitiv ki fè yon seri moun kwè depi ou panse ou ap rich, larichès ap vide sou ou kanmenm yon maten anvan pipirit chante... ou mèt konplete lis la. Travay emansipasyon kiltirèl sa a p ap fè tèt pou kont li. Se nou ki pou fè li. L ap egzije nou yon pegagoji solid ak kapasite pou nou mete an valè eleman pwogresis ak lespri kreyatif ki gen nan kilti popilè a. Kidonk, fòk nou jwenn mwayen pou nou retire sans komen an (ki depaman avèk bon sans) nan kilti popilè a, paske se avèk li boujwagrandon yo sèvi pou domine nou. Nan plas li, nou bezwen mete yon kilti kritik. Se konsa eleman mas la pral konnen pou li pa aksepte lòd sosyal la jan l parèt devan li an. Se konsa, ouvriye ak ouvriyèz pa egzanp, va konnen, se pa pou granmesi, ni se pa natirèl ni se pa Bondye ki vle pou yon (pal)mantè oswa yon (pal)mantèz gen plizyè machin leta anba li k ap boule gaz leta, kantite lajan chak pal-mantè ak pal-mantèz gen kòm frè san salè pa ladan disèt wotè, epi se nan anpil gwo kout tanpri souple pou pal-mantè ak pal-mantèz sa yo vote yon lwa pou pèmèt ouvriye ak ouvriyèz touche 200 goud. Mwen pa kwè m bezwen di, se pa nan lekòl pedagoji sa a ap soti. Sa vle di, kilti kritik m ap pale a, se pa bagay moun aprann sou ban lekòl. Lekòl, nan sistèm boujwa a, pi sanble yon sistèm vaz kominikant, kote yon mèt kòm sijè ki plen ap ranpli yon elèv kòm objè vid. Kòm si ou t ap retire nan yon bokit vide nan yon lòt bokit. Lè elèv sa a fin ranpli tou, li al fè konkirans avèk lòt elèv nan detaye konesans yo te vide nan tèt li yo sou mache travay la, nan antrepriz kapitalis yo. Dayè, depi nan lekòl la, pa te gen plas pou li te pataje lide avèk lòt kondisip yo, paske yo pa te la pou pwodwi, ni menm pou konprann. Alewè pou yo ta reflechi. Yo te sèlman la pou kwè, memorize pou resite apre. Pwojè kiltirèl k ap simaye nan divès sant ak enstiti kiltirèl, ki anvayi tout espas kiltirèl yo, se pwojè ejemoni klas boujwagrandon ak entènasyonal kominotè ki itilize yon pedagoji kòkòy lespri pou fè nou bliye pratik solidarite ki te pèmèt kilti nou reziste nan moman malouk lesklavaj ak apre lesklavaj. Li mete nou anfas reskonsablite pou idantifye yon pedagoji liberatris. Se kapasite panse kritik la pou nou simaye toupatou. Se konsa pou nou soti anba diskriminasyon pou rive nan emansipasyon kiltirèl. 08 mas 2009 -------------------------------------------------------------------------------- [1] Li Kal MAKS, Ideyoloji alman. Moso nou site a soti nan pati ki pale sou pwodisyon konsyans la. [2] Se sitou nan Kaye prizon, volim 1 Gramchi devlope lide li sou lakilti. Se volim kote Gramsci fè kritik filozofi Benedetto Croce a. Men depi nan yon atik li te ekri an 1916, li te deja koumanse pran pozisyon sa a. tit atik la se “Sosyalism ak lakilti”. [3] Se menm atik la. Se filozòf kiben Jorge Luis Acanda ki site li nan liv Sociedade civil e hegemonia. RJ. Ed. UFRJ, 2006, p. 200. [4] Crehso, Itinéraires, Édition spéciale Bicentenaire, déc. 2004, pp. 3-4. (Se nou ki mete mo yo angra) [5] Se yon manm konmisyon pati a ki rele Alix Richard ki te distribiye li nan fowòm lan. (Se nou ki mete mo yo angra). [6]Piotr SZTOMPKA. A Sociologia da mudança social. Rio de Janeiro: Civilização brasileira, 2005 p. 134. [7] Jorge Luis ACANDA. Sociedade Civil e Hegemonia. RJ: editora UFRJ, 2006, pp. 54-55. [8] Se konsa Ewopeyen yo te rele pratik lote Endyen yo pou separe yo tankou patat. Repartimiento a pa te sèlman konsènen separe moun; separe tè te ladan tou. Moun ak tè plis sa ki nan tè, se sa ejemoni kiltirèl modènite a te vin pran epi separe nan peyi isit. [9] Dapre Gláucio Ary Dillon SOARES. A questão agrária na America Latina. RJ: Zahar Editores, 1976, p. 20., an jeneral, Ewopeyen yo te plis konn konte jenn apati 14 lane: pliske se yo ki gen fòs kouray pou travay. Se sa ki fè mouche panse 1 130 000 Endyen an se pètèt apenn 15 % nan kantite moun ki mouri nan jenosid Ewopeyen fè an Ayiti a. |